TOUT PÈP FÈT POU VIV AK KÈ KONTAN
Dépi gen solèy ak lapli
Tout pèp fèt pou viv ak kè kontan
Siw wè sa pa fèt
Sé dirijan yo ki responsab
Anvan Trump té vinn prézidan
Amériken té viv ak kè kontan
Dépi Trump finn prézidan
Kè tout amériken séré, dlo nan jé
Ni sa ki renmenl, ni sa ki pa renmenl
Yo tout ap viv ak kè soté
Lè sa pral rivé ak ou prézidan
Dépi nan vandredi ou wè figu samdi
Parol anpil komansé fèt
Komansé gen kouri
Si sé pat magouy ki tap brasé
Tout mounn tap gentan di non
Lè gen magouy, ak gol a men
Préparéw pou pasé mové tan
Lè gen magouy tout mounn konnen
Sé dépi lè sa pou nou kanpé
Ann suvéyé magouy ak pawol anpil
Lè sa swiv DEFI ka di nou kisa pounn fè
DEFI sé pou nou you Antoine lan gomié
Lap toujou di nou sal wè pou nou
DEFI se buwo katastrof naturel nou
Buwo mové tan ak dézas nou
Swiv li lèl palé pou mové tan pa baré nou
Pou pawol anpil pa mennen dezas
Tout pèp fèt pou viv ak kè kontan
Kwè nan DEFI koré DEFI
Na wè si nou pap viv ak kè kontan
DEFI sé losion biennêt nou
Li pa vann pou lajan é li senti bon
Sé zanmi kanmarad nou
Antoine lan gomié kap plédé pou nou
Men Haiti nou vlé ya. Nou pa bezwen gratsiel ni la lune, sé viv nou bezwen viv.
Édél plédé
Jodiya 09 Févrié 2019
Mike Joseph