SI TÈT LÉTA AYISYEN TÉ DWAT
Si tèt léta ayisyen té dwat
anpil ayisyen isit ak lôtbô dlo patap malad
patap fè suk, fè tansyon, fè kè ak lôt gwo maladi
Si tèt léta ayisyen té dwat
ti mounn kou granmoun tap fè lago, lavironndédé san kè soté
nan tout plènn nan tout rajé, anba bon solèy, bon lapli jouk mayi mu
Si tèt léta ayisyen té dwat
péyi dayiti tap gen dola poul prété tonton Sam
touris étranjé patap bezwen rantré Ayiti tèlman avion tap plen ak ayisyen
Si tèt léta ayisyen té dwat
tout ayisyen tap gen dan lô, bleng bendeng nan tout kô
nan bank, nan boutik, tout koté voyé al vann naso
Si tèt léta ayisyen té dwat
mwenmenm avek ou tap tèlman renmen nou tap tiré kont gwo lajounen
fè lago, soté kôd jus nan sièl al glisé sou do lakansièl
Si tèt léta ayisyen té dwat
nou patap mouri nan chagren sou kabann lopital
koté menm chen paka japé pou fè konnen kilènn pralé
Si tèt léta ayisyen té dwat ayisyen patap fou.
Je Plaide
03 Août 2019
Mike Joseph