LOTERIE NATIONALE DE DEFI
pour la réorganisation de la société haytienne
Men lotry DEFI a pou sosiété sivil Ayisien yan ka réòganizé péyi dayiti.
Si nou vlé vrèman chanjé kondision la vi nan péyi dayiti ak bò isit, tout mounn ak tout òganizasion ayisien yo ta dwé inskri pou bay ayisien ki Ayiti ak sa ki nan Diaspora okazion pou yo voté nan lotri sa ke DEFI ap pwomouvwa.
Bagay la simple:
Premié lot
ki oganizasion, selon pwojè ki prézanté yo ak aksion yo pozé, ki ap mérité premié prix ya : LEADERSHIP SOCIÉTÉ SIVIL LA AK ÒGANIZASION DIASPORA
Dezièm lot
Òganizasion Grand Konférans Nasional Ayisien yan
Twazièm lot
Ak yon dola simbolik ou plus, selon généwozité yon sitwayen, nan men chak mounn ki vlé patisipé nan konkou sa, nap fè li tounen yon budjè, bay li a 3 òganizasion nan sosiété sivil la ki fè prèv yo nan: édukasion, travay komunotè, ak asistans économik, etc.
Lotri sa kòmansé dépi kounyé ya, sou www.DEFIkp.com
Sugjéré non tout Òganizasion yo pandan nap inskri nom nou kòm patisipan.
Ke sé yon dola, ke sé yon lòt montan nou chwazi bay, voyél bay òganizasion nou chwazi ya, épi fè DEFI konnen, pou li ka publiyél pou nou.
Nou pap jéré ankenn lajan pou pa gen pawòl anpil. Apré sa, òganizasion sa yo a désidé antre yo menm ki instans ékonomik nasional ka pral resevwa é kinbé lajan sa.
Alé sou DEFIkp.com ou sou Facebook.com, kòmansé fè inskripsion nou.
DEFI ouvè a tout sugession pou ranfòsé travay la.
Mèsi
22 Mars 2020
Mike Joseph